Konsèy sou Telemedsin pou Fanmi yo

Kisa telemedsin lan vle di?

 

Souvan, moun yo pale ak pwofesyonèl sèvis sosyal yo a oswa reprezantan yo a fas-a-fas. Telemedsin lan se lè ou jwenn swen sante oswa terapi nan telefòn, sou tablèt oswa sou òdinatè pito.

Poukisa mwen ap pran sèvis telemedsin yo?

 

Telemedsin lan pèmèt oumenm ak fanmi ou resevwa sèvis yo adistans. Sa vle di pa gen risk pou ou simaye kowonaviris la ni pou ou trape li. Piske se yon moman estrès, travayè sosyal ou a ka kontakte ou pi souvan pase jan li abitye kontakte ou an.

Ki teknoloji mwen bezwen?

 

Ou kapab itilize yon telefòn, yon òdinatè oswa yon tablèt (tankou yon iPad) pou ou konekte ak travayè sosyal ou a.

Di pwofesyonèl swen sante ou a oswa reprezantan ou an ki aparèy ki pi bon pou ou. Asire ou aparèy ou a gen yon plan done mobil ak/oswa yon koneksyon Entènèt. 

Kijan mwen kapab jwenn konsèy?

 

Si ou gen yon pitit ki frekante lekòl nan Vil New York:

Ou kapab resevwa yon tablèt iPad ki ka konekte ak Entènèt nan men Depatman Edikasyon Vil New York (Department of Education, DOE). Si ou bezwen yon iPad, oswa ou gen pwoblèm ak sa ou te resevwa a, ale nan ribrik Sipò Teknik pou FanmiDOE a.

 

Si ou pa kalifye pou yon iPad DOE:

Pale ak travayè sosyal ou a sou lòt opsyon yo. 

 

Si ou gen yon aparèy men ou bezwen done mobil ak/oswa koneksyon Entènèt:

Pou ou jwenn plis enfòmasyon, ale sou sitwèb ACS Coping Through COVID-19 la.

Kijan pou mwen fè apèl videyo?

 

Èske aparèy ou a gen kamera? Si se wi, deside avèk travayè sosyal ou a ki aplikasyon videyo pou ou itilize.

Nan opsyon apèl videyo yo genyen  Apple FaceTime, Doxy, tchat videyo Facebook Messenger, Google Meet, WhatsApp, Skype, ak Zoom. Asire ou bay aplikasyon yo aksè nan kamera ak mikwofòn ou an.

 

Pou ou itilize Doxy:

Pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an pral voye yon lyen pèsonalize ba ou. Ou kapab louvri li sou nenpòt aparèy.

 

Pou ou itilize Zoom:

Dabò, ale sou zoom.us/join. Apresa, kole lyen envitasyon pwofesyonèl swen sante ou an nan chan ki di "Meeting ID oswa Personal Link Name" lan. Ou pral bezwen telechaje aplikasyon an si ou ap itilize telefòn ou an oswa tablèt ou a. Pou asire sekirite reyinyon ou an, pa pataje lyen an.

Si apèl ou an se ak yon manm pèsonèl lekòl oswa yon founisè sèvis DOE, ou pral bezwen itilize vèsyon Zoom DOE bay lisans lan. Pou itilize vèsyon Zoom DOE bay lisans lan, ale nan DOE Remote Learning Portal (Pòtay Aprantisaj Adistans DOE a) pou aksede ak Zoom.

 

Pou ou itilize Skype:

Ou kapab telechaje skype lè ou ale sou skype.com. Ou pral bezwen yon nimewo telefòn oswa yon adrès imèl pou kreye yon nouvo kont.

Kijan mwen ta dwe pare mwen pou yon apèl?

 

Dabò, prepare lide ou yo.

Si sa itil, reflechi sou sa ou vle pataje a epi pran nòt anvan ou fè apèl ou a.

 

Fè yon plan B sizoka ou ta gen difikilte teknik.

Asire ou pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an gen nimewo telefòn ou sizoka kamera ou pa ta fonksyone oswa ou ta pèdi koneksyon Entènèt ou a. Anvan ou kòmanse apèl ou a, asire ou aparèy ou an gen chaj.

 

Eseye jwenn yon espas prive oswa trankil pou apèl ou an.

Kapab gen foul moun nan kay la! Men, jwenn yon espas prive si ou kapab. Si ou gen ekoutè, itilize yo.

 

Si pitit ou yo ap patisipe nan apèl la, asire ou yo toupre a.

Li ka enpòtan pou pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an pou wè epi pale ak pitit ou a (yo).  Fè pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an konnen si pitit ou a deplase pandan apèl la epi li pa ka wè sa.  Li toutafè nòmal si pitit ou a timid oswa pa alèz pandan yon apèl videyo. Ou kapab ankouraje li itilize fonksyon tchat la oswa pase nan fonksyon vwa a sèlman.

 

Ou kapab fè lòt manm fanmi yo patisipe nan apèl la apati pwòp aparèy pa yo.

Lè yo patisipe sou aparèy apa, sa pral pèmèt pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an wè tout moun pi klè.

 

Kisa ki pral pase pandan apèl la?

 

Si apèl la se pou yon seyans terapi:

Pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an ka mande ou pale sou fason ou ap adapte ou ak zafè rete lakay la, sou nenpòt difikilte ou ap fè fas, epi li ka ba ou kèk teknik pou jere estrès oswa enkyetid.

 

Si apèl la se pou verifye sekirite fanmi ou:

Pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an ka mande ou pou fè yon vizit nan kay la pou li wè chak chanm, ak kèk pati espesifik tankou fenèt ak priz kouran yo.

 

Si apèl la se pou verifye ak pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an:

Pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an ka mande ou pou wè epi pale ak chak timoun ki nan kay la. Li ka mande timoun yo tou pou yo pataje desen oswa jwe ak jwèt pandan apèl la.

 

Si apèl la se pou sipòte yon elèv:

Pwofesyonèl swen sante a oswa reprezantan an pral poze kesyon sou devwa lekòl. Li ka poze kesyon tou sou lòt pwoblèm elèv la ap fè fas.

Ki dwa mwen genyen?

 

Pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl ou yo se yon dwa ou genyen.

Pwofesyonèl swen sante yo ak reprezantan yo dwe pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo toutan. Sa aplikab pou konvèzasyon vityèl yo. Ou kapab mande pwofesyonèl swen sante ou an oswa reprezantan ou an kijan li kenbe enfòmasyon ou yo an sekirite.

 

Ou gen dwa pou ou konprann sa ou te aksepte a (konsantman eklere).

Sonje, ou pa oblije patisipe nan yon apèl si ou santi ou pa alèz. Yo toujou egzije pwofesyonèl swen sante yo ak reprezantan yo pou yo mande anvan yo anrejistre yon apèl.

E si mwen menm, oswa yon moun mwen konnen, bezwen èd pou sante mantal tousuit?

 

Si ou santi ou gen estrès, enkyetid oswa ou akable, se pou konnen ou pa poukont ou.

NYC Well bay sipò gratis epi konfidansyèl nan zafè sante mantal atravè telefòn, mesaj tèks oswa tchat. Voye tèks "WELL" bay 65173; oswa rele nan 888-NYC-WELL (888-692-9355).

Ou kapab rele tou Liy Èd Sipò Emosyonèl pandan COVID-19 la (844-863-9314) pou ou pale ak pwofesyonèl benevòl ki fòme pou sa. Yo pral la pou koute ou, sipòte ou ak ba ou referans soti 8è AM rive 10è PM, sèt jou sou sèt.

Èske ou vle ba nou fidbak sou paj sa a?