Konsèy sou Telemedsin pou Pwofesyonèl Swen Sante yo

Èske ou bay swen sante mantal oswa sèvis sosyal adistans? Al gade konsèy ajans vil yo ak ajans eta yo – epi gade konsèy ki pi ba yo, yo kreye avèk pwofesyonèl swen sante yo epi reprezantan yo, sou fason pou bay fanmi Vil New York yo bonjan sèvis telemedsin pandan pandemi COVID-19 la.

 

Kijan pou mwen pase nan seyans vityèl yo?

 

Òganize espas ou an.

Evalye ti bri vizyèl ak odyo kote ou pral dirije seyans yo. Panse pou gen yon ekran prive ak/oswa ekoutè si gen bagay k ap dekonsantre ou pa dèyè. Si sa posib, travay nan yon espas ou kapab kite nan fen jounen an.

 

Pratike estrateji telemedsin yo.

Apwofondi konpetans ou nan terapi sou entènèt atravè plizyè seyans vityèl kote ou ap jwe wòl avèk kòlèg yo. Teste koneksyon entènèt ou a epi idantifye aparèy ou pi pito yo. Egzamine fonksyon aksesibilite aplikasyon an tankou soutitraj la ak lekti sou ekran an pou ede manm fanmi ki gen andikap yo, si sa nesesè. Ou kapab dezaktive yon meni aksesibilite pou sitwèb sa a lè ou klike sou ikòn ki parèt nan kwen dwat anba a.

 

Prepare ou pou pale sou pandemi an ak mouvman jistis rasyal ki ap fèt la.

Reyaksyon estrès moun souvan genyen fas ak epidemi maladi ak evènman chokan yo se chanjman nan somèy, nan apeti ak sentòm nan kò. Pare ou pou pale sou estrateji adaptasyon yo ak fason pou kenbe byennèt emosyonèl pandan moman ensètitid la ak moman twoub la. Pwoblèm sa yo ka pa sispann epi ou ka pale sou yo nan plizyè seyans.

Kijan pou mwen ede fanmi yo pare pou randevou yo a?

 

Kontakte fanmi an sou zafè telemedsin lan.

Lè ou ap pran randevou a, eksplike fason sèvis ajans ou a bay vin vityèl epi ofri pou pataje Konsèy sou Telemedsin pou Fanminou genyen yo. Asire ou te pale ak manm fanmi an sou aksè li genyen nan teknoloji ak kalite aparèy li pral itilize a. Si sa nesesè, ede li ak fason pou jwenn aparèy ki nesesè yo

 

Pataje lyen ki mennen nan Konsèy sou Telemedsin pou Fanmi yo.

Mande manm fanmi an si li ta prefere resevwa lyen konsèy yo atravè mesaj tèks oswa imèl, epi planifye pou voye li omwen yon jou anvan ou rele li. Tout enfòmasyon ki sou sitwèb sa a disponib nan 11 lang ofisyèl Vil New York yo epi ou kapab jwenn yo la a. Pataje yon lyen ki mennen nan tradiksyon ki apwopriye a.

Pa ezite itilize lang sa a lè ou ap pataje sitwèb la ak fanmi yo:

Bonjou [NAME],

Anvan nou rele demen, men kèk enfòmasyon sou telemedsin lan. Si ou gen kesyon sou fason pou ou prepare, sitwèb sa a  (familypathways.nyc/telehealth-tips-for-families-haitian-creole) gen enfòmasyon itil sou fason pou ou prepare ak sa ki pral pase pandan apèl la. Nou kapab gade sitwèb la ansanm lè nou ap pale. Si ou gen kesyon anvan sa oswa ou bezwen èd pou konfigire aparèy ou a, tanpri fè mwen konnen.

 

Eksplike rezon ki fè ou pataje sitwèb la.

Lè ou pataje lyen an, eksplike manm fanmi an rezon ki fè ou voye li ba li. Ou kapab voye yon lyen ki mennen nan yon seksyon espesifik (sa vle di, "Ki dwa mwen genyen?") lè ou fè klik dwat sou non seksyon an nan tabdèmatye ki anlè paj la, epi lè ou chwazi "kopye adrès lyen".

 

Gade sitwèb la ansanm.

Si manm fanmi an gen kesyon sou fason pou li konfigire oswa konekte nan seyans lan, ankouraje li pou li mande plis enstriksyon anvan. Apresa, pran tan pandan reyinyon an pou nou gade sa ki sou sit la ansanm.

Kijan pou mwen òganize randevou a?

 

Kòmanse ak limit yo.

Asire ou manm fanmi k ap resevwa sèvis yo konnen sa pou yo atann. Fikse limit ki klè sou ki moun ki ap pale kilè ak fason pou diminye bagay k ap dekonsantre ou yo (tankou fason pou koupe son notifikasyon yo) Fè atansyon ak lòt moun ki nan chanm lan.

 

Asire nou kapab tande ak wè youn lòt.

Si ou remake kèk difikilte teknik, mansyone yo tousuit. Pa egzanp, si gen yon dekalaj odyo ki fè pawòl youn kouvri pawòl lòt, sijere pou nou ajoute yon ti poz apre chak pawòl. Si gen difikilte pou ou tande manm fanmi an akoz yon ti bri, mande li chèche yon espas ki pi trankil pou nou pale. Pou ogmante aksesibilite pou moun ki gen andikap yo, itilize fonksyon soutitraj la oswa lòt zouti aksesibilite yo.

 

Itilize plizyè platfòm.

Fanmi yo ka bezwen itilize aplikasyon yo oswa metòd kontak ki diferan seyans apre seyans. Pou fasilite manm fanmi yo fè apèl videyo, eseye fè yon seyans nan telefòn epi travèse nan videyo a pi devan nan seyans lan. Si ou santi ou alèz, ofri opsyon voye mesaj tèks la pou ou kapab kòdone lojistik ant seyans yo.

 

Adapte plan an.

Rekonèt enpòtans premye plan sèvis la. Travay ansanm pou nou pale sou kiyès nan objektif plan sèvis yo nou kapab atenn. Mande fanmi an ki bezwen yo genyen pou defini nouvo objektif yo.

 

Fini ak yon refleksyon.

Kite yon tan pou mande fanmi an jan yo te twouve seyans lan, epi si yo gen fidbak sou fason yo kapab amelyore seyans lan. Prezans atantif ak metòd somatik, tankou respirasyon ak egzèsis fizik yo, se souvan yon bon mwayen pou fini.

Kijan pou mwen kreye yon bon angajman atravè telemedsin lan?

 

Kijan mwen kapab etabli konfyans ak konpreyansyon nan videyo?

Bati yon klima konfyans gras ak langaj kòporèl ak bon kominikasyon. Pou rann apèl videyo yo pi pèsonèl, eseye chita nan yon distans kèk pye ak klavye a yon fason pou manm fanmi an kapab obsève langaj kòporèl ou, olyede figi ou sèlman. Di manm fanmi yo ou pral travay avèk yo pou ou fasilite yo antre nan nouvo fòma seyans lan.

Menm teknik pou etabli konfyans fas-a-fas yo aplikab pou anviwònman vityèl la tou. Mande yo kijan yo pase semèn lan nan kòmansman apèl la. Ba yo sipò epi montre sitiyasyon yo a pa deranje ou.

 

Ki kèk konsèy espesifik pou mwen fè plizyè manm fanmi an patisipe an menm tan?

Koute epi reflechi sou sa chak manm fanmi ap di. Si ou pèdi atansyon yo, ou kapab fè jès bay lapat, jès ak dwèt pous ou, ak jès egzajere. Pare pou ou adapte estil ou ak vitès ou pale a selon bezwen fanmi an.

 

Kijan mwen kapab fè timoun yo patisipe pi byen?

Pale ak fanmi an sou kote pitit yo a pi alèz pou li patisipe nan seyans lan. Prepare sipò pou montre ide yo, tankou yon elastik pou montre rezilyans. Entegre jwèt, desen, ak poz nan mouvman yo. Eseye yon jwèt chache trezò ki baze sou sa timoun lan santi ki fè li santi li gen kè kontan oswa li fache. Ofri yon videyo rekonpans pou ankouraje patisipasyon pandan seyans lan.

 

Kijan mwen kapab fè adolesan yo patisipe nan telemedsin lan?

Siveye orè aprantisaj adistans yo genyen an pou kore objektif akademik yo a epi evite fatig ekran an ka fè yo genyen. Itilize fonksyon pataj ekran an ak fonksyon anotasyon an sou platfòm videyo ou an. Mande si yo gen zèv da, jounal oswa mizik yo ta renmen pataje ak ou. Si yo di videyo a fè yo malalèz, ou kapab entegre fonksyon tchat la nan seyans lan.

Kijan mwen kapab ede fanmi an apre randevou a?

 

Verifye pi souvan.

Anpil fanmi bezwen plis èd pandan moman sa a. Pran kontak ak fanmi an nan telefòn oswa nan mesaj tèks pou konnen kòman yo ye.

 

Fikse atant yo.

Fè fanmi yo konnen fason yo kapab kontakte ou epi ak ki vitès ou pral reponn yo. Kominike sou ki kontni ki apwopriye pou pataje nan mesaj tèks, imèl oswa telefòn.

 

Bay plis resous.

Travay avèk kòlèg yo pou kreye yon pakèt zouti ak aktivite. Entegre done sou swen pèsonèl ki baze sou bonjan prèv, ki gen ladan konsèy pou ogmante sipò sosyal, kenbe lespri pozitif, ak fikse objektif. Voye resous sa yo bay fanmi yo ant randevou yo. Pale sou fason yo te itilize yo nan pwochen apèl ou an.

Èske ou vle ba nou fidbak sou paj sa a?